la.
kalite konesans. Se prejije negatif ki lakòz kèk gwoup moun konprann yo kab limite lang krey
mande nou kisa lang kreyòl la kab fè? Nou va reponn lang kreyòl la pa gen limit. Si gen yon
Alaverite, ant sa lang kreyòl la dwe fè ak sa li kab fè, nou kwè gen yon pakèt diferans. Si yo
limit, li chita nan limit moun ki ap sèvi ak lang kreyòl la.
Kounye a, nou vle poze kesyon sa a: kisa ki konte nan domèn transmisyon lakonesans, lang
ki
sèvi pou transmèt konesans lan osnon moun ki ap travay
pou
devlope
konesans lan? San
pèdi tan, nou ap reponn se moun ki ap travay pou devlope konesans nan lang
lan, avèk tout
prejije yo, epi tout limitasyon yo.
Yon savan ayisyen ki ap viv Ayiti epi ki kwè nan lang kreyòl la, ka rive fè tout travay li an
kreyòl. Sepandan, si li bezwen moun lòt peyi li travay la, li ka tradui li, osnon li ka bay tradui
nan prensipal lang inivèsèl nan tan modèn lan lang angle a. Se sa menm ki oblije anpil
fouyapòt franse pibliye rezilta rechèch yo nan revi syantifik ki ekri nan lang angle. Men, èske
Franse yo pase kwa sou pwodiksyon syantifik nan lang franse a pou sa ? Nou ap reponn non.
Yo kontinye pwodui nan lang yo.
Nan epòk nou ap viv la a, piblikasyon syantifik yo tèlman ale vit nan lang angle a, inivite
frankofòn Kanada yo pa rive kenbe tradiksyon konesans syantifik yo. Se poutèt sa, anpil fwa,
oblije sèvi ak liv ki ekri nan lang angle, alòske kou yo ak rechèch yo ap fèt an franse. Èske sa
vle di konesans syantifik pa kab sikile nan lang franse Kanada a pou sa ? Epitou, se pa
Kanadyen franse yo sèlman ki nan dilèm sa a. Gen anpil peyi ki pale lang arab ki gen menm
dilèm lan.
Èske nou dwe di lang sa yo pa kab sèvi nan domèn syantifik osnon pèp sa yo pa kab
fè lasyans nan lang manman yo a, paske se tradui yo ap tradui konesans ki soti nan lang angle
a? Repons lan se non ! Konsa, si li enposib pou nou di tout lòt lang sa yo enkonpetan nan
domèn syantifik, li enposib pou nou di lang kreyòl yo enkonpetan, paske peyi ki pale kreyòl pa
gen mwayen ekonomik pou tradui tout materyèl ki soti nan domèn lasyans an kreyòl.
Michel-Ange Hyppolite, Akademi Kreyòl Ayisyen, ki pwoblèm ? Ki avantaj? Ki defi? Ki
avni?
Sou direksyon Renauld Govain, p.295-296
Kesyon sou tèks la
3
a
1-Ki pwoblèm ki poze nan tèks la ?